Infos4AYITI (@infos4ayiti4) 's Twitter Profile
Infos4AYITI

@infos4ayiti4

Entreprise médiatique

ID: 1680257811299590146

calendar_today15-07-2023 16:47:46

844 Tweet

71 Takipçi

239 Takip Edilen

Infos4AYITI (@infos4ayiti4) 's Twitter Profile Photo

Antreprenè ayisyen, Pierre Reginald Boulos jwenn arestasyon li nan peti Etazini, jounen vandredi 18 jiyè 2025 lan. Lapolis amerikèn arete mesye Boulos sou baz te gen mank koyerans nan fòmilasyon demand rezidans li Etazini, selon premye eleman enfòmasyon ki disponib yo.

Arestasyon Pierre Reginald Boulos: Lapolis amerikèn ak sipò FBI pa arete l pou dosye imigrasyon sèlman. Endividi a anba kòd pou enplikasyon prezime l nan asasina ansyen prezidan Président Jovenel Moïse, finansman gang ame an Ayiti, blanchiman lajan, asosiyasyon malfektè, selon Valerio Saint Louis.

2 polisye asasinen, yon blennde boule, Plizyè manm popilasyon sivil la egzekite, se bilan pasyèl atak kriminèl ame nan baz Gran Grif yo fè sou komin Lyankou, depatman Latibonit, maten madi 22 jiyè 2025 lan. Pandan bandi ap taye banda, anpil moun ap mande, kote #DRONE kamikaz yo?

Otorite amerikèn yo koupe Viza🇺🇸 mèt #AndréMichel. Alòske l te fin prepare l pou kite peyi a atravè yon vòl Sunrise Airways, nan ayewopò Okap la, jounen samdi 26 jiyè 2025 lan, mèt Michel ta pral sezi aprè yo te fin anonse l li pap ka deplase akoz viza l koupe. ✍️ @Metronome

Otorite amerikèn yo koupe Viza🇺🇸 mèt #AndréMichel. Alòske l te fin prepare l pou kite peyi a atravè yon vòl Sunrise Airways, nan ayewopò Okap la, jounen samdi 26 jiyè 2025 lan, mèt Michel ta pral sezi aprè yo te fin anonse l li pap ka deplase akoz viza l koupe.
✍️ @Metronome
Infos4AYITI (@infos4ayiti4) 's Twitter Profile Photo

Mèt #AndréMichel anonse l gen anbisyon kandida pou pòs Prezidan, nan pwochèn eleksyon k ap gen pou reyalize yo nan peyi, nan lide pou pote yon nouvo pwojè politik ki baze sou sekirite, devlopman ekonomik ak souverènte nasyonal. Mèt la fè anons sa maten dimanch 27 jiyè 2025 lan.

Pou pi piti 43 moun asasine, pandan yo t ap lapriyè, anndan yon legliz Katolik, nan lannuit 26-27 jiyè 2025 lan, nan lokalite Komanda, zòn Lès peyi Repiblik Demokratik Kongo, selon tchadinfos. Se gwoup gwoup ame fòs demokratik alye yo ki komèt krim sa selon plizyè medya lokal.

Foutbolè ayisyen, Jeff Barrios mouri, sou kabann lopital, kèk minit aprè l te fin tonbe sou yon tèren foutbòl, pandan yon match nan chanpyona Vakans, nan zòn Simon, nan Okay, ayè dimanch 27 jiyè 2025 lan, selon #Colomb_Infos. Yon nouvèl ki kite gou anmè nan bouch fanatik foutbòl.

Yon avyon konapyi #americanAirlines pran dife, akoz yon pwoblèm mekanik, nan moman li t ap akselere pou pran vòl, nan Ayewopò #Denver, nan Kolorado, Ozetazini, samdi 26 jiyè 2025 lan. Pasaje yo te evakye rapid epi ponpye te rive pou etenn dife a san difikilte, selon responsab yo.

4 moun mouri, ladan yo yon polisye ki se Didaru Islam, nan Manhattan, New-York 🇺🇸, ayè lendi 28 jiyè 2025 lan. Se yon jenn gason 27 lane ki se Shane Devon Tamura ki komèt zak la ak yon fizi AR-15 ki te nan men l, apre sa l touye tèt li, selon @Nytimes.

Yon resòtisan ayisyen asasinen Ozetazini, pandan yon fiziyab ki fèt ayè lendi 28jiyè2025 lan, nan Manatann. Ayisyen sa ki se Eland Étienne ki gen 46lane, pèdi lavi l, pami 4moun yon endividi vide bal sou yo, kote menm endividi sa ta pral touye tèt li aprè l te fin komèt krim nan.

400 polisye🇭🇹 pral pran fòmasyon nan peyi Brezil, apati mwa dawout 2025 lan, selon prezidan KPT a, Fritz Alphonse Jean ki presize, fòmasyon sa enskri nan kad lit kont vyolans gang ame. Se anviwon 700 polisye ak sòlad🇭🇹 fòmatè etranje ap gen pou fòme nan mwa k ap vini yo daprè li.

DCPJ lanse avi rechèch kont jounalis Guerrier Henry, mèkredi 30jiyè2025 la, kèk jou aprè l fin boude yon envitasyon DCPJ. Kèk akizasyon ki sou do Jounalis la se: Afilyasyon ak gang Viv Ansanm nan, epi blanchiman lajan. Yon dosye, DCPJ deja transmèt INTERPOL, selon #HaïtiInfosPRO.

Nasyonzini retire peyi Brezil🇧🇷 sou kat peyi ki gen grangou lakay yo a, aprè Rapò anyèl Food and Agriculture Organization a ki montre genyen 40 milyon brezilyen ki soti nan grangou, soti 2022 rive 2024. Yon anons ki met lajwa nan kè pèp Brezilyen an kote yo selebre l pandan y ap fè lwanj pou prezidan @Lula.

Dosye #Boulos: Jij Jorge Pereira voye jete demann avoka Pierre Réginald Boulos yo k ap egzije liberasyon Boulos ki akize kòm moun k ap finanse gang an Ayiti, pandan yon odisyon jounen jedi 31 jiyè 2025 lan. Nan sans sa, jij la mande pou retounen ak Boulos nan prizon. ✍️@Metronome

Dosye #Boulos: Jij Jorge Pereira voye jete demann avoka Pierre Réginald Boulos yo k ap egzije liberasyon Boulos ki akize kòm moun k ap finanse gang an Ayiti, pandan yon odisyon jounen jedi 31 jiyè 2025 lan. Nan sans sa, jij la mande pou retounen ak Boulos nan prizon.
✍️@Metronome
Infos4AYITI (@infos4ayiti4) 's Twitter Profile Photo

29 sòlda Lame Dayiti retounen nan peyi Dayiti, jounen vandredi premye dawout 2025 lan, aprè yon semèn fòmasyon entansif, nan Peyi Matinik, bò kote 33e RIMA Fòs Lame Antiy yo, anba lidèchip peyi Lafrans. Peyi La Frans ap kontinye ede fòs sekirite ayisyèn yo, selon La France en Haïti 🇫🇷🇪🇺.

Flash: #DCPJ arete ansyen senatè Nip la, #NenelCassy, nan yon restoran nan Pòtoprens, jounen samdi 2 dawout 2025 lan. N ap raple, sa gen plizyè mwa depi DCPJ te lanse avi rechèch kont Nenel Cassy pou asosiyasyon malfektè ak finansman gang ame nan peyi Dayiti.

#FLASH: Tè a tranble nan divès zòn nan kapital peyi Dayiti ak nan kèk lòt vil peyi a, li te 11è 2 minit ak 21 segond, nan nivo 4.5, li atenn yon pwofondè 5 Km, aswè lendi 4 dawout 2025 lan, selon Pwoteksyon sivil. Sa ki kreye panik lakay anpil moun.

#FLASH:
Tè a tranble nan divès zòn nan kapital peyi Dayiti ak nan kèk lòt vil peyi a, li te 11è 2 minit ak 21 segond, nan nivo 4.5, li atenn yon pwofondè 5 Km, aswè lendi 4 dawout 2025 lan, selon Pwoteksyon sivil. Sa ki kreye panik lakay anpil moun.
Infos4AYITI (@infos4ayiti4) 's Twitter Profile Photo

Bandi yo nan Kenskòf boule 2 blennde APC pou fòs miltinasyonal soutyen ak sekirite a, maten jedi 7dawout2025 lan, pandan yon patwouy sekiritè. N ap raple, prensipal travay @MSS la se te ede retabli sekirite ak lapè nan peyi a. Poutan, malgre prezans li, sitiyasyon an vin pi grav.