#Ayiti/#istwa/#ensekirite : nan objektif pou onore memwa chalmagne Peralte ke blan Meriken te asasine paske l tap goumen kont okipasyon USA , épi pou pale sou pwoblèm ensekirite planifye sa..
#Ayiti/#Edikasyon/#Enfrastrikti : pandan epòk Sila anpil lapli ap tonbe nan vil okap ayisyen (depatman nò ) , direktè Frandy Louis,mete tout Moun dakò nan lise nasyonal Filip Geryè nan vil okap, tout klas yo elektrifye, malgre anpil lapli ap tonbe...
#Kap #Ayisyen/#Edikasyon : Aktyèlman la pa gen pwoblèm kouran , #pwoblèm #sal #pwofesè, #pwoblèm dlo nan #robinè yo , pwoblèm fè nwa nan klas yo, pwoblèm #twalèt yo elatriye , tout pwoblèm sa yo rezoud nan lise Filip Geryè. .. Mete respè devan nom direktè #Frandy #Louis !!!!
Ayiti/politik : #Garry #Conille, #Nesmy #Mannigat, #Carlos #Hercule kite peyi a an kachèt jodîa. Kidonk lè neg yo fin kraze peyi a yal sere kay patron yo .
Ayiti/jistis: #Benjamin #Louberson alyas Ti youri ki se Yon kontraktyel nan imigrasyon jwenn arestasyon l jodi lendi 25 novanm 2025. Nap vini ak plis detay sou arestasyon sila !!!
Media Lakay !!!!
#Ayiti/#politik : Nan Yon nòt pou l'après ki date 01/12/2024 ;OJAH ( òganizasyon jèn an aksyon pou devlopman peyi dayiti a) , rete solidè ak lidè yo ki se #Merinord #David , ki te kite peyi Meksik pou vin ede Moy batay, jodia yo reklame lidè pa yo kòm vis delege vil okap .
#Kap #Ayisyen/_#Entanperi/#Dram : Nan katye #tivotèn ( seksyon #kominal bandinò nan vil okap) , Yon Miray tonbe sou Yon kay Jedi 5 pou louvri vandredi 6 desanm 2024 la , te gen 6 Moun nan kay la 4 mouri, manman ak papa a ak 2 timoun mouri 2 lot timoun chape.
Media Lakay !!!
#Òkes #Tropicana #an #dèy : James Fortuné Alyas Bòs Bouboute. Yon’n nan pi ansyen kibòdis Tropikana ki tap jwe toujou , mouri aswe 10 pou louvri 11 desanm 2024 la lakay li Okap aprè yon malèz.
Media Lakay !!!
#Depatman #nò/ #kriz : aprè vil okap ayisyen fin inonde, malere pa konn ki sen pou yo rele , mache nwa kontinye ap fét kote galon #gazolin ap vann atè #300 dola , alòske nou rive nan fèt fen dane . Kote otorite yo mezanmi ...
#Edikasyon/#koripsyon : kot kòb kou ratrapaj la ?
Nesmy Mannigat avek ekip li nan depatman nò a manje lajan plis ke 30 pwofesè ak ankadrè ki te patisipe nan kou ratrapaj UNICEF tap òganize pou elèv yo nan lane 2022-2023 . Fè 30 x 47000 goud wap wè konbyen kòb neg yo pran ..
#Edikasyon/#Aktyalite :selon Yon sous nou ka fè konfyans minis levasyon an #AntoineAugustin,te chita ak tout enstans konsène yo pou te fè bidjè egzamen ofisyèl 202-2024 yo,sa vle di tout Moun tap touche byen bonè, Paske minis lan konnen doulè tout Moun ki te patisipe nan egzamen
#Aksidan/#sikilasyon : #Merinord #David ak 3 lòt jèn ki se militan pitit desalin fè aksidan sou wout milo a pandan yo ta pral nan Yon reyinyon baryè batan kay MJC nan aprè midi 26 desanm 2024 la jiska prezan yo poko ka resevwa swen nan lopital Milo a akoz MJC poko voye asiste yo.
#Kap #Ayisyen/ #inondasyon : Direktè Depatmantal TPTC branch nò a ingénieur Raul Pierre Louis, malgre li fenk enstale , li kòmanse make prezans li nan vil okap ayisyen, sitou kiraj ravin vètyè a ki kòmanse , nap tann plis toujou, genlè ing Raul pral bay nou Yon bon kout men isit.
#Kap #Ayisyen/#Kilti : Tout Moun ki renmen Mizik konnen kisa Ritchie reprezante nan mond mizikal la, se Majistra okap yo ki pa gen nivo ki fè yo fè maskarad sa sou Plas piblik la. Se Yon wont pou okap.
#Aksidan/#sikilasyon : #Merinord #David ak 3 lòt jèn ki te fè aksidan sou wout milo a aprè midi 26 desanm nan,pandan yo te sou moto yo ta pral nan Yon reyinyon baryè batan kay MJC, jiska prezan yo an difikilte pou yo pran swen,ti mwayen yo te genyen fini.. ijans , ijans ...
#Edikasyonnò/#kriz : direktè depatmantal Edikasyon nò a, #Maurice #Firmin kilè wap peye pwofesè kou ratrapaj UNICEF la , koreksyon NS4 ak sipèvizè mobil yo ..
Kòm se advantis ou ye , pwofesè yo pa ka jwenn nan biwo a eske se nan legliz la pou yal touche nan men w .
Aktyalite/politik : plizyè òganizasyon ak militan ki pwòch Jèn #Merinord David ak #Gesner Geffrard menase mete vil okap cho lendi kap 20 janvye 2025 lan,si Merinord David pa vis delege epi Gesner Geffrard kòm delege depatmantal nò.Tansyon an ap monte nan mitan pitit desalin yo ..
#Edikasyon#/kriz : kowalisyon sendika anseyan nò yo pap negosye 1)Nominasyon ak ajisteman salaryal ,Epi kat Debi a ak 25000 goud . si #UNNOH ak sendika alye yo pa rechita sou pwen sa yo , grèv la ap kontinye nan tout peyia .
Pwofesè yo dwe viv tankou moun. Se twop atò , mobilize.