Britney (@ndessource) 's Twitter Profile
Britney

@ndessource

ID: 1566658151725891584

calendar_today05-09-2022 05:24:04

234 Tweet

2,2K Followers

1,1K Following

PWEZI LIBÈTE (@pwezilibete) 's Twitter Profile Photo

Jodi a fè V2 ak madanm li Brianna Brianna 3 zan depi youn ap konplete lòt. Pou gwo jou sa, Viv Depan ekri yon tèks ki rele “Plas mwen nan vi w”, ki se yon nouvo kontra damou ant limenm ak Deyès solèy li.👸🏽❤️🩸😍 Ke Bondye lavi a kenbe relesyon an fèm!

PWEZI LIBÈTE (@pwezilibete) 's Twitter Profile Photo

Yè ak jodi gen menm koulè nan je leta Wilkens . Ayiti byento 220 lane endepandans 🇭🇹🤔🤦🏾‍♂️ 🇭🇹☹️☹️ Antouka dènye espas PL pou ane a pita a 8 è, n ap tann tout moun. Mèsi 🙏🏾

PWEZI LIBÈTE (@pwezilibete) 's Twitter Profile Photo

Mèsi pou tout pas dlo ou ede n travèse Mèsi pou swaf dlo n ou souvan koupe Mèsi lèsen lèzanj mèsi tout divinite Mèsi tout fanmiy ak zanmi Pwezi Libète Nan lizyè kè w kòd lonbrit nou antere L'or-vens avèk Mme Lee ☯️ 🦁 🐦‍🔥 🆂🆁 ❤️ #PweziLibète #Ayitipapperi #FreeHaiti #fanmiatizay

PWEZI LIBÈTE (@pwezilibete) 's Twitter Profile Photo

Pwomès se dèt e bourik chaje pa kanpe nan wout. Respèktivman, selon kimil rezilta manm jiri yo ak rezilta konsènan vòt piblik la (Sou X, IG, TikTok ak Facebook), Pwezi Libète kontan pibliye aswè a lis 10 patisipan ki kalifye pou dezyèm faz konkou powèm nan, sou tèm : "Ayiti lank

Pwomès se dèt e bourik chaje pa kanpe nan wout. Respèktivman, selon kimil rezilta manm jiri yo ak rezilta konsènan vòt piblik la (Sou X, IG, TikTok ak Facebook), Pwezi Libète kontan pibliye aswè a lis 10 patisipan ki kalifye pou dezyèm faz konkou powèm nan, sou tèm :

"Ayiti lank
Maze (@arthurspinoza) 's Twitter Profile Photo

Si Pwezi pa t ekziste Fòm kò w t ap kreye l Dous Karamèl Sous Myèl Tout kò w se koub Tèt mwen pa ka dwat Fou Frajil Sou Ekzil Bon travèse pou je m Ki mouri sou po w Bon travèse pou libète m Ki jouke nan tras do w

Si Pwezi pa t ekziste 
Fòm kò w t ap kreye l 

Dous 
Karamèl
Sous
Myèl

Tout kò w se koub
Tèt mwen pa ka dwat

Fou 
Frajil
Sou 
Ekzil 

Bon travèse pou je m 
Ki mouri sou po w
Bon travèse pou libète m
Ki jouke nan tras do w
PWEZI LIBÈTE (@pwezilibete) 's Twitter Profile Photo

Ant powèt sa avèk vil natal li, ou pa ka pase menm yon fil koud malgre kantite espas ki genyen ant yo, tèlman plim powèt la makònen avèk zantray lakay li. Plim Maze ap kriye ASWÈ A sou vil Senmak, sitou lè powèt la di : "Chyen janbe Senmak vil la aleken" 💔 Bon lèkti ✅

Ant powèt sa avèk vil natal li, ou pa ka pase menm yon fil koud malgre kantite espas ki genyen ant yo, tèlman plim powèt la makònen avèk zantray lakay li. Plim <a href="/ArthurSpinoza/">Maze</a> ap kriye ASWÈ A sou vil Senmak, sitou lè powèt la di :
"Chyen janbe Senmak vil la aleken" 💔
Bon lèkti ✅
Malèb Jozèf (Merite). (@relemmoun) 's Twitter Profile Photo

Yowww Maze 🔥🔥🔥🔥 Monchè, m ap bese tèt mwen pou m salye w devan bèl zèv atizay powetik sa, si m pa te powèt powèt t ap mwen kanmenm, paske san pwezi m pa anyen, m kwè nan Bondje men se nan legliz pwezi m adore l, kote plim mwen se selebran. M pote wayòm mwen anndanm.

Maze (@arthurspinoza) 's Twitter Profile Photo

Soti depi nan lanjelis pou rive douvanjou Kè m pran mande pou ou tankou lapli k ap touye pousyè Lè n makonnen Pa gen zetwal ki twò lwen ni solèy ki twò cho Pa gen fredi ki twò frèt ni fènwa ki twò nwa Lè n makonnen Nou ka pase anba fouk mèt minwi san n p ap gen madichon

PWEZI LIBÈTE (@pwezilibete) 's Twitter Profile Photo

Powèt sa gen yon jan l dekri fanm anba plim li, fòtadi se Oswald Durand ki reyenkane, powèt sa gen yon fason li manye plim li lè l ap dekri fanm, fòk ou te pase kèk jou alakanpay nan peyi d Ayiti, pou w ta rive byen ranmase kèk touni langajye ki toutouni byen abiye nan tèks li.

Powèt sa gen yon jan l dekri fanm anba plim li, fòtadi se Oswald Durand ki reyenkane, powèt sa gen yon fason li manye plim li lè l ap dekri fanm, fòk ou te pase kèk jou alakanpay nan peyi d Ayiti, pou w ta rive byen ranmase kèk touni langajye ki toutouni byen abiye nan tèks li.