Norbrun Kerry Care-ry (@kerry_norbrun) 's Twitter Profile
Norbrun Kerry Care-ry

@kerry_norbrun

PGY-1| Family Medicine /digital marketer/influencer/brand ambassador/trader/digital creator/Meta Certified Digital Marketing Associate
[email protected]

ID: 1612769413513478144

calendar_today10-01-2023 11:13:13

735 Tweet

2,2K Followers

35 Following

Norbrun Kerry Care-ry (@kerry_norbrun) 's Twitter Profile Photo

Pa janm bliye fòs ki anndan w.Malgre difikilte yo,ou gen kapasite pou kenbe tèt ak sitiyasyon an.Chak jou ou leve, se yon viktwa. Bay oubyen chèche rekonfò nan men moun ou renmen yo nan mitan tout boulvès sa yo lespwa se limyè ki p'ap janm etèn menm nan moman ki pi difisil

Norbrun Kerry Care-ry (@kerry_norbrun) 's Twitter Profile Photo

Strès se yon repons natirèl, men li ka vin tankou yon maladi. Ti solisyon pouw jerel se fèmen jew respire pwofondman, òganize priyorite w, pran ti poz, tande mizik, pale saw santi ak yon moun ou fè konfyans, evite pran move nouvèl . Ti pa ti pa, ou ka jwenn balans lan.

Norbrun Kerry Care-ry (@kerry_norbrun) 's Twitter Profile Photo

Jèn yo se fòs motè ki ka chanje yon sosyete. Enplike w se bay tèt ou chans pou fè tande vwa w, defann dwa w, epi kreye yon lavni ki reflete rèv ou. Sosyete a bezwen enèji w, kreyativite w, ak vizyon w pou konstwi yon pi bon demen.

Anket Emmus VI yo montre an Ayiti fi ki pa al lekòl yo gen an mwayèn 4 pitit , fi ki rive nan primè gen 4 , fi ki rive nan nivo segondè gen 2 pitit an mwayèn,fi ki rive nan nivo inivèsitè gen an mwayèn yon sèl timoun

Norbrun Kerry Care-ry (@kerry_norbrun) 's Twitter Profile Photo

Ankèt EMMUS VI yo montre fanm ayisyèn fè timoun mwens, soti nan lane 2005 kote an mwayèn chak fanm te gen 5 pitit ,rezilta yo revele aprè 10 zan se 3 timoun fanm ayisyèn fè, si n ap pran kou lavi ,sin ap swiv tandans yo chif sa yo ta dwe ala bès

Norbrun Kerry Care-ry (@kerry_norbrun) 's Twitter Profile Photo

Anpil gason ap bwè konprime planin medam pou pa ansent fi lè yal nan rapò, map fè nou konnen konprime sa yo gen efè sou fi yo pa gen efè kontraseptif sou gason, metòd planin gason se kapòt avek vazektomi

Norbrun Kerry Care-ry (@kerry_norbrun) 's Twitter Profile Photo

twoub deliran se lè yon moun nan deli , ou ka nik pale avèl, yon senp jès, sa sifi poul mache diw renmenl oubyenw ap koze avèl, poutan moun sa pa nan tèt ou menm, gen yon lòt ki se mitomani kote moun paka pa bay manti, li ka ap mache dil kouche a yon moun, poutan se manti

Norbrun Kerry Care-ry (@kerry_norbrun) 's Twitter Profile Photo

Nap mande pou otorite yo fon ti kout pye nan lokalite Lanzac kote gen moun kap plede mouri aprè chen fin mòde yo ,gen lopital ki resevwa ka a sispisyon maladi raj ki soti nan komin sa, moun yo ap mouri toufe, nou dwe aji prese prese avan sa pi grav #medsinfamilyal

Norbrun Kerry Care-ry (@kerry_norbrun) 's Twitter Profile Photo

Lè timoun bese nan randman lekòl,se pa bat li ki solisyon an,men pito kesyone antouwaj li grandi an, fanmi an amoni?peyi an,lekòl la,e ou menm an tan ke paran ,konsa tou se konn yon maladi lap lite avèl,pa neglije mennen timoun yo wè doktè

Norbrun Kerry Care-ry (@kerry_norbrun) 's Twitter Profile Photo

Eskew konnen nan peyi espay yo bay konje manstriyèl ? pou fi ki gen gwo doulè règ depi yo sètifye yo fè maladi tankou kis nan ovè, andometriyòz etc...yo ka bay medam sa yo jiska 5 jou konje chak mwa

Norbrun Kerry Care-ry (@kerry_norbrun) 's Twitter Profile Photo

Ou konn tande moun di yo pè fè timoun? Sa rele "Tokophobie "yo itilizel pou moun ki pè akouche men yo itilizel tou pou moun ki pa vle timoun, youn nan fasonw ede moun ki gen fobi,se fè sa yo rele "exposition graduée " ti kal pa ti kal ou ekspoze moun nan a sal pè an jouk li geri

Norbrun Kerry Care-ry (@kerry_norbrun) 's Twitter Profile Photo

Ou menm jèn fi ki toujou jwenn zanmi ki ap bay nèg ak kòb oubyen dyaspora nimewo telefòn ou, Konbyen fwa yo bay nimewow pou yon travay? Lè gen plezi festival ak lòt gwo randevou, yo toujou baw kat e voye relew pou ka fè tab bèl! 2026 Redefini zanmitay la! Redefini priyorite yo!