Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile
Dr. H.C. Moïse Jean Charles

@senateurmoise

Compte tweeter officiel Homme politique - engagé pour l'émergence de la Republique d'Haiti ex; Maire, conseiller présidentiel, Senateur. #JISKOBOU #PPPD

ID: 529758682

linkhttp://www.moisejeancharles2016.com calendar_today19-03-2012 21:47:10

952 Tweet

214,214K Followers

107 Following

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Nan kad pwogram fòmasyon pou jenès inivèsitè a, Pitit Dessalines anonse disponiblite bous detid pou elèv ki lorea nan ekzamen ofisyèl Leta. Enterese yo ap kontakte reprezantan PPPD nan depatman yo ou byen rele nan # 3152-8193. LEDIKASYON SE BAZ DEVLÒPMAN.

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Nan kad batay diplomatik m ap mennen an, m kite peyi a pou 11 jou. M ap pase Kiba, Venezyela, Tiki pou bout Larisi Etazini ak gouvènman defakto a te minimize pwa gewopolitik/diplomatik peyi Dayiti ak pitit Desalin yo genyen sou plan entènasyonal. Yo paka fè sa yo vle ak nou ankò

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Nou denonse e kondane difamasyon yon gwoup medya ak òm politik Dominiken, mete ak boujwa plis kèk medya Ayisyen ap fè sou rezo a kont oryantasyon politik, nou Pitit Dessalines, paske yo panike. Konplo sa a ak sipò anbasad yo p ap pase. Nou rete fèm sou chwa ideolojik nou. KPK.

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Jodi 17 oktòb, dat anivèsè lanmò papa nasyon an dwe yon jounen refleksyon sou oryantasyon nou, pitit Desalin ak Ayisyen konsekan, vle bay peyi a, pou wete l nan twou enmi chanjman yo lage l. Pèp Wanament trase chemen delivrans lan, sila ki konprann dwe rasanble pou swiv yo. KPK

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Toujou nan kad batay diplomatik pou soti Ayiti nan katchoubonbe li ye a, yon delegasyon Pitit Dessalines pral pase 7 jou nan peyi Larisi, sou envitasyon gouvènman Ris la. N ap pwofite rankontre delegasyon Afriken an sou dosye Ayiti. Jodi a, relasyon Ayiti ak Larisi vin pi soude.

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Nan respè liy PPPD, nou pa patisipe nan rankont ak Entènasyonal la sou kriz peyi a. Ayisyen pa gen pou chita ak etranje pou deside pou Ayiti. Se yo ki kreye ak jere kriz la. 18 Novanm nou te renouvle apèl pou Ayisyen chita ansanm. Si yo pa vini, nou pwal jwenn yo.

Nan respè liy PPPD, nou pa patisipe nan rankont ak Entènasyonal la sou kriz peyi a.

Ayisyen pa gen pou chita ak etranje pou deside pou Ayiti. Se yo ki kreye ak jere kriz la. 
18 Novanm nou te renouvle apèl pou Ayisyen chita ansanm. 

Si yo pa vini, nou pwal jwenn yo.
Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Nou akeyi desizyon otkou jistis Kenya a avèk satisfaksyon. Se yon viktwa pou Ayisyen ki kanpe anfas prezans fòs etranje sou tè Libète a. Yon viktwa diplomatik, jewopolitik e gen lòt viktwa nan wout. Fòs legal nou yo gen kapasite pou konbat ensekirite a, volonte ki pou genyen.

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Wi Ayiti kraze! Pa gen enstitisyon donk pa gen Leta! PEYI=LETA Pawòl sa yo gaye tout la jounen sou rezo a; men kou se mwen ki di l, li fè tole bò kote nèg sistèm yo. Ki donk, m asime pozisyon m, pawòl mwen ak kapasite m pou m rekonstwi Ayiti ki kraze a. Nou te poze pyon pou sa!

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Ariel Henry pat janm gen lejitimite, men depi 7 fevriye 2024, se yon ilegal ki pa gen dwa pou angaje Ayiti. Nou pitit Dessalines, mande tout peyi etranje pou yo pa konplis nan zak ilegal. Nou mande Kenyan yo, pou pa vyole konstitisyon peyi yo, ni patisipe nan konplo kont Ayiti.

Ariel Henry pat janm gen lejitimite, men depi 7 fevriye 2024, se yon ilegal ki pa gen dwa pou angaje Ayiti. 

Nou pitit Dessalines, mande tout peyi etranje pou yo pa konplis nan zak ilegal. Nou mande Kenyan yo, pou pa vyole konstitisyon peyi yo, ni patisipe nan konplo kont Ayiti.
Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

8 Mas, Jounen dwa fanm! Fanm peyi m, fanm toupatou nan mond lan...menm konba pou libète pitit latè. Depi lendepandans jouk sou kanal diyite a, nou rete kanpe djanm. Se nou ki sous tout viktwa ki pou fè la vi boujonnen. Kontinye defann dwa nou pou yon sosyete ekilibre. BON KONBA!

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Pati Politik Pitit Dessalines voye kondoleyans li bay fanmi Senatè Paul Denis, ki kite nou bridsoukou, jodi 11 mas 2024 la. Lanmò sibit sa a ap kite yon vid nan mitan fanmi Denis ak manm pati politik INIFÒS ke l t ap dirije. PPPD koube l byen ba devan kadav Senatè P. Denis!

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Nou aprann gen dekesman k ap fèt nan kès Leta pou de montan k ap fin seche kès peyi a. Nou lanse yon pinga bay tout minis ilegal k ap jere afè kouran ak finans peyi a. Pèp souvren pral mande règlemann kont sou jesyon gouvènman defakto a. Piyay la fini! Fòk pèp la respire!

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Jodi dimanch 17 mas 2024, prezidan Vladimir Poutine ranpòte eleksyon nan peyi Larisi. Pitit Dassalines salye kokenn chenn viktwa sa a ki reprezante 87% vwa, nan premye tou. PPPD kore V. Poutine ki deklare “sous pouvwa nan peyi a se pèp Ris la”. Pèp ki bay pouvwa! Russia 🇷🇺

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Nou pataje doulè moun Okap ki pèdi fanmi ak zanmi nan gwo inondasyon ki frape Nò peyi a «Nen pran kou, je kouri dlo». Moun nan Nò batay anpil pou yon lavi miyò. Nou konfyan ke prezans pitit Nò nan konsèy prezidansyèl la ap pote amelyorasyon nan enfrastrikti yo. Viv yon lòt Ayiti!

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Nou felisite prezidan N. Maduro pou 3zyèm viktwa li nan eleksyon ki dewoule 28 jiyè 2024 la. Matirite politik pèp Venezyelyen an ki rete atache a memwa prezidan Chavez, chwazi estabilite ak kontinwite. Yo pa chanje ekip k ap make pwen! Nou swete prezidan Maduro bòn gouvènans!

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Felicitamos desde Haití al Presidente Nicolás Maduro por el triunfo electoral en los comicios de este domingo 28 de julio. Una vez más el pueblo de Bolivar y Chávez ha mostrado al mundo su madurez política y su capacidad para resolver sus diferencias. Nicolás Maduro

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Jodi 29 dawout la, PPPD te rankontre ak CARICOM sou dosye 3 konseye yo. PPPD demontre pa gen koripsyon, se pito yon kanpay denigreman (ti gwoup anti chanjman ki pè pèdi avantaj nan BNC, ki pè eleksyon e ki vle echèk konsèy la). PPPD antre ak Lonè, l ap sòti ak Respè!@CARICOMorg

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Nou felisite pèp ameriken an ki nan yon ekzèsis ki se baz demokrasi al vote an mas kandida yo vle pou mennen bak peyi yo. Nou konstate ke eleksyon an fèt san enjerans. Nou menm PITIT DESALIN, nou swete menm respè "prensip non enjerans" lan an Ayiti e toupatou nan mond lan.

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Pitit Dessalines salye envestiti Prezidan N. Maduro, jodi 10 janvye 2025, pou yon 3yèm manda. Nou swete pèp Venezyelyen an anpil pwogrè sou kòmandman Leta sosyalis la, selon testaman gran liberatè Simon Bolivar, e nan liy politik kòmandan Chàvez. Viv 2 peyi frè ke listwa reyini !

Dr. H.C. Moïse Jean Charles (@senateurmoise) 's Twitter Profile Photo

Pitit Dessalines salye depa Frankêtienne, yon mapou, yon patriyòt, yon konseye ki kite mak li sou tout moun ki te gen chans chita pale ak li de Hayti. Jodi a, pi bèl omaj.nou ka rann li, se rasanble, aplike tout konsèy li yo, pou bati yon lòt Hayti kote tout haysyen ka viv byen.

Pitit Dessalines salye depa Frankêtienne, yon mapou, yon patriyòt, yon konseye ki kite mak li sou tout moun ki te gen chans chita pale ak li de Hayti.
Jodi a, pi bèl omaj.nou ka rann li, se rasanble, aplike tout konsèy li yo, pou bati yon lòt Hayti kote tout haysyen ka viv byen.