Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile
Électricité d'Haïti

@edh_ofisyel

Ou toujou jwenn kòb pou fè nèt, epi se sou priz lakay ou ye.

ID: 1415572166838562819

calendar_today15-07-2021 07:22:32

82 Tweet

13,13K Takipçi

18 Takip Edilen

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Yon pàn teknik nan nivo Santral Pelig la lakoz Blakawout jeneral depi 2 jou. Teknisyen nou yo ap travay san kanpe pou rezoud pwoblèm nan, pran yon ti pasyans ki pap dire lontan, sitou sila yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Nou tande kri moun Okap, Gonayiv, senmak, Okay, Gwomòn ak pòdepè, ki gen plis ke yon semèn san kouran, EDH ap travay pou amelyore sitiyasyon yo nan yon tan tou kout, poun pase yon bòn fèt fen ane.

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Sitiyasyon peyi a pa pèmèt nou travay jan nou te prevwa, se sa ki fè nou a 40% nan demach nap fè, pou ede plizyè komin pase fèt fen ane a nan limyè, tankou: Okap, Gonayiv, senmak, Okay, Gwomòn ak pòdepè.

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Travay nou deja rive a 90% sou tout etandi teritwa peyi a, kote tout Ayisyen toupatou nan peyi a ap gen chans pase fèt fen ane a nan limyè, anpil komin deja klere.

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Pandan map kontinye fete nwèl jiska 31 desanm, pa bliye ensekirite a, li tap mye poun rete lakay nou, gade tele, epi enjoy ak fanmi nou paske lari a pyeje. Bòn fèt fen ane.

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Nou swete bòn ane 2025 pou tout Abòne nou yo, EDH pwomèt ke li pwal travay san kanpe, pou pèmèt nou jwenn pi bon sèvis ke jan sa te ye, poun jwenn plis kouran. Bòn ane 2025!!!💥💥

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Nou deja Jakmèl ap travay san kanpe, nan 2 semèn, vil la sipoze kòmanse gen kouran lannwit kou lajounen, ane 2025 sa dwe limen limyè lakay tout ayisyen ki te etenn depi 1 mwa.

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Maten an Delmas32 te sinyale nou ke yo pa jwenn kouran depi samdi, pou kounya lakay tout moun nan zòn nan klere, ou menm ki pa gen kouran depi 1 semèn, fè nou konn sa.

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Nou fini ak vil Jakmèl kounya ki gen kouran lannwit kou lajounen, nap reflechi nan ki depatman nou pwal kòmanse la, akoz ensekirite a ki rann trajè yo pa fasil pou teknisyen nou yo, nou deside travay pou tout peyi a klere pandan ane 2025 sa.

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Nan nivo ensekirite a rive la, se moman peyi a gen plis nesesite limyè, nou ankourajew al peye kouran, sa ap ede nou gen plis mwayen pou pa janm manke kouran lakay ou.. Bon wikenn!!!

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Menmjan moun jeremi remèsye nou anpil pou bon sèvis ke yo jwenn, pou vil la ki pa janm manke kouran, nap pwofite diw pa neglije peye EDH, sa ap pèmèt lakay ou pa janm manke kouran, e nou pap febli tou... Mèsi !!!

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Atak nèg ame nan vil Mibalè a lage anpil zòn nan fè nwa. Nou mande otorite konsène yo: pran tout dispozisyon nesesè pou sekirize Santral Idwoelektrik Pelig, ki se yon patrimwàn nasyonal enpòtan pou tout sistèm elektrisite peyi a, pou tout moun rejwenn kouran, jan sa te ye avan.

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Anpil zòn nan rejyon metwopolitèn nan klere jan nou te pwomèt li a, pa bliye peye kouran, pou ede nou kontinye baw bon sèvis. Bon wikenn tout moun.

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Siw ta remake ke w pa gen kouran pandan yon semèn, avèti nou sa. Menmjan nou te pwomèt, nap fè tout efò pou lakay abòne nou yo toujou klere.

Électricité d'Haïti (@edh_ofisyel) 's Twitter Profile Photo

Nou te pwomèt tout peyi a pou ane 2025 lan, siw fè 2 jou san kouran, li pap plis. Jiskaprezan nou kenbe pwomès nou e nap kontinye kenbel. Vin peye kouran pou ede nou baw pi bon sèvis.